mardi 26 septembre 2017

Rezidans pou tout migran ilegal ki pase plis ke 5 lane nan peyi dakèy li

Final sou fòma deba Karl Popper nan kan nasyonal 2017 la te fèt 23 jiyè nan vil Jakmel, ant ekip Kot Plaj ak ekip Jakmèl sou sijè sa a : Tout migran ki ilegal ta dwe jwenn papye rezidans li aprè 5 lane li pase nan peyi kote li chwazi viv la.
Ekip afimatif la te lanse deba a ak definisyon tèm kle sijè a. Li te tou pwofite nan entwodiksyon an pou mete aksan sou 2 kategori migran, sa ki lega lak sa ki ilegal. Distenksyon sa a ta pral yon eleman fondamantal nan moman konfwontasyon direk ant debatè yo.

Youn nan definisyon moun te ka note, se jan yo te konsidere migran ilegal yo : Tout moun k ap viv nan yon lòt peyi san l pa gen dwa pou fè sa. Yo konsidere 5 lane a kòm yon ekilib ki jis, yon peryòd pwobatwa.

Men premye agiman ekip afimatif la, ki vle di ekip kap defann pozisyon ki eksprime nan sijè a: Sa pi byen asire sekirite tout moun ki nan peyi a.

Yo konsidere moun ki nan ilegalite yo tankou moun kap sibi stigmatizasyon, kidonk pèsekisyon. E youn nan fason pou rezoud pwoblèm sa, se legalize sitiyasyon yo, kidonk, pèmèt yo jwenn papye rezidans. Pou sipòte agiman sa a, debatè ekip sa a te vini ak yon atik jounal franse Le Monde.

Dezyèm agiman ekip la: Se yon benefis pou toulede pati ki konsène yo.

Yo fè konprann, lè yo jwenn rezidans, migran ki vini legal yo ap ka benefisye pi bon kondisyon sosyo-ekonomik nan peyi dakèy la. Donk avantaj pou migran. Yo site chif 40%, pou montre enpòtans mendèv gwoup sa konstitiye pou yon peyi dakèy. Donk avantaj ekonomik pou peyi a.

Ekip la mete aksan tou sou de tèm tankou jistis sosyal, ideyal moun, epi aspè imanitè nan zafè migrasyon an.  

Premye Kont entèwogatwa

Gen kesyon enpòtan ki te poze pandan kont entewogatwa sa.

Lòt kesyon ki te abòde nan moman sa gen rapò ak diferan rezon yo ka konsidere yon moun ilegal. Tankou lè moun nan rantre nan yon peyi san l pa respekte nòm yo, oswa le l rantre suivan nòm yo men li rete pandan yon tan ki depase delè lalwa akòde l.
Ekip opoze a te mande ki rapò ki gen ant migran ilegal ak vyolans. Entewogatè a te abòde koze chòk kiltirel la tou, men ekip afimatif la te twouve chòk kiltirèl pa gen rapò ak ilegalite.

Premye negatif

Premye debatè ekip negatif la te kòmanse pa refite toulède agiman ekip afimatif la.

Kont premye agiman sou asire sekirite tout moun nan peyi a, debatè a angwo, te montre pa gen lyen dirèk ant akòde rezidans ak asire sekirite nan yon peyi.

Kanta dezyèm agiman an ki di « se yon benefis pou toulède pati ki konsène yo », ekip la kwè « se te yon benefis si te gen yon sèl kategori migran ». Yo te tou tanmen site divès kategori migran yo : « Moun ki gen viza ekspire, pèmi sejou ekspire, fo papye ak san papye ». Selon ekip la, leta pa gen kontwòl dènye kategori migran nou site la kap viv sou teritwa l.

Agimantasyon ekip negatif la

Gen migran ki ilegal paske yo gen men tranpe nan twòp zak malonèt, se fòmilasyon premye agiman ekip negatif la. Sou pwen sa, yo deklare: “migran ki fè fo papye ak sa ki antre sou yon tèritwa san papye ditou pa ta dwe janm jwenn rezidans.” Yo te bay bon jan esplikasyon sou zafè fo papye a e montre divès fason yon migran ka tonbe nan sitiyisasyon ilegal. Yo te nome kèk sous tankou CCIR, jounal Haiti Libre ak yon deklarasyon prezidan Danilo Medina.

Yon aspè patikilye nan pozisyon ekip la se aksan yo mete sou mo « tout » nan sijè a, yon fason pou montre jan jeneralite sa rann ka afimatif la fèb e ranfòse pozisyon pa yo a.

Dezyèm agiman ekip la di: Tout peyi grandèt majè. Nan sans sa se yo chak ki konnen ki politik migratwa kap plis anfavè yo.

Nan moman kont entèwogatwa, ekip afimatif la te mande : « Eske lefèt ke yon peyi grandèt majè, sa pèmèt li vyole dwa moun ? » Advèsè a te eseye detounen kesyon sa pandan  l peze sou wòl migran yo jwe nan trafik dwòg dapre yon deklarasyon prezidan dominiken an, Danilo Medina.

Diskou 2è afimatif la

Dezyèm afimatif la kòmanse diskou l la ak presizyon sou ekspresyon ta dwe ki nan sijè a, yon fason pou montre sijè a pa fè okenn peyi obligasyon pou bay tout migran rezidans nan kèlkeswa sikonstans. Yo te tou pwofite bay eklèsisman sou sa ki rezidans lan e pale de de kategori tankou sa ki limite ak ilimite.

Pou refite agiman ki di tout peyi grandèt majè a, dezyèm afimatif la te poze kesyon pou mande si souverènte a prime sou dwa moun.
Nan efò yo tap fè pou reapwopriye agiman advèsè a ki chita sou sekirite, yo esplike ke legalize moun yo ka ede redwi stigmatizasyon ak zenofobi. Selon menm lide a, leta ap konplis nan zafè met moun nan kanpe lwen an si l pa fè travay li nan sans sa a. Yo vini ak ka kote 95 mil moun tonbe nan sitiyasyon sa a akoz move politik migratwa. Konsa yo mete aksan sou rezon imanitè ki ta dwe soutni lide akòde rezidans lan kòm solisyon.

Pou agiman ki di rezidans lan se yon benefis pou toulede pati ki konsène yo, ekip la ranfòse l pandan l presize legalize vle di asire dwa moun. Yo te vin ak nouvo sous tankou Journal La Croix pou sipòte lide sa. Anplis yo dekri sitiyasyon vilnerab migran ilegal yo twouve yo, sa ki favorize ekplwatasyon, salè ki twò ba, san n pa bliye moun sa yo peye taks ak enpo, lajan ki al jwenn leta.

Kont entèwogatwa

Kont entèwogatwa 2è afimatif la te chita sou kesyon kategarizasyon migran yo. Ekip negatif la te poze lòt kesyon pètinan tankou Ki kontwòl leta gen sou san papye yo ? Li te retounen sou statistik 95 000 moun ki nan sitiyasyon iregilye jounal Lacroix site a pou klarifikasyon.

Dezyèm negatif

Dezyèm negatif la te retounen sou yon ekspresyon nan sijè a ki se « ta dwe ». Li retounen sou kèk pwen nan refitasyon an tankou obligasyon pou moun yo jwenn rezidans lan, diferans ant pèmi sejou ak rezidans. Li resantre agimantasyon l lan. Anplis de sa li te entèveni sou kèk eleman lòt ekip la te lye ak ensekirite tankou zenofobi, pè ak rayisman etranje pou raple papye ou pa, yon moun ka toujou viktim de bagay sa yo.
Pou refite 2è agiman, debatè a admèt rezidans lan pote benefis pou migran, sepandan li kontinye ranfòse lide ke moun ki gen fo papye ak sa ki san papye, yo ta dwe trete yo yon fason apa paske yon nan fwod.

Rekonstriksyon

Pou rekonstriksyon an, debatè a retounen sou 2 agiman li yo. Gen migran ilegal ki gen men tranpe nan twòp zak malonèt. Kòm nouvo sipò, yo site 55è sesyon konvansyon entènasyonal nasyon zini an ak pwotokòl ki siyen sou kesyon migrasyon. Li mansyone tout dispozisyon kèk peyi oblije pran pou evite migran ki illegal rantre sou tèritwa yo.

Kanta agiman ki di tout peyi grandèt majè a, ekip la panse nou nan yon epòk kote anpil puisans oblije deklare lagè kont teworis. Selon deklarasyon yo priyorite a se sekirite nasyonal.

Kont entèwogatwa

Pami kesyon yo te poze 2e negatif la, “èske migran yo dwe rete nan ilegalite ? Eske legalizasyon an pap ede leta gen kontwòl sou migran ki pa gen papye yo?”, epi sou zafè krim ekip negatif la akize majè pati migran illegal yo, advèsè a te mande l si l admèt ke gen migran legal ki ka fè krim tou.

Rezime deba a

Twazyèm afimatif

Twazyèm afimatif la kòmanse sentèz li a pandan l raple de agiman l yo:
Sa pi byen asire sekirite tout moun ki nan peyi a.
Se yon benefis pou toulede pati ki konsène yo.

Li te soutni lide ki di ak papye a pwoblèm ilegalite ak stigmatizasyon ap rezoud.

Ekip la raple kèk pwen ki te fè anpil diskisyon nan deba a tankou lyen zafè ilegalite ak kriminalite. Selon yo, ekip negatif la pa konprann mo « tout » nan sijè a, ki pa entèdi yo jije yon moun pou krim li ta fè.  Yo raple Dwa entènasyonal yo ki pwoteje migran jan yo te fè sa pandan tout deba a.

Yo site dezyèm agiman lòt ekip la : Tout peyi grandèt majè.

Selon ekip la, se yon devwa pou yon peyi idantifye moun ki sou teritwa l nan ba yo bon jan papye. Yo raple yon moun ki gen 5 lane nan yon peyi gentan devlope yon atachman ak peyi sa. Yo note ke premye negatif la la pa t gen sipò pou dezyem agiman nou sot site a.

Twazyèm negatif

Dènye debatè a raple dabò konvansyon entènasyonal yo ki garanti dwa grandèt majè chak peyi. Li raple pozisyon ekip li a tap defann nan sijè a. Yo souliye lide ki devlope nan ka ekip advès la ka mennen sosyete a nan pwoblèm.
Yo retounen sou lide benefis rezidans pou tout moun nan te ka rapòte a. Se tap vrè, selon sa yo repete,  « si te gen yon sèl kategori migran ». Sa vle di si pat gen twòp migran, pa tap gen men tranpe nan zak malonèt.

Daprè yo, espresyon « ta dwe » ki nan sijè a se pa yon obligasyon, se yon sipozisyon. Yo kwè pa gen okenn peyi ki gen obligasyon pou bay tout migran rezidans.

Pou l fini, li mete aksan sou souverènte chak leta, kidonk libète yo genyen pou chwazi politik migratwa ki nan enterè yo. Dapre ekip la, pa gen enstitisyon ki depase otorite yon leta gen sou tèritwa l ki rele l chèmèt chèmètrès.

-------------------------

Rezilta match la

Jiri a pa t fè komantè apre deba sa. Sepandan dezekilib nan match la te klè sou difikilte ekip negatif la pou reponn kesyon dirèk sou etikèt moun ki nan move zak yo te mete sou do pifò moun ki ilegal (nan dezyèm agiman yo a) san yo pa t rive pwouve sa nan moman kont entèwogatwa yo.

San sipriz, kòdonate Pwogram Inisyativ Jèn nan te anonse tout jij yo te vote an favè ekip afimatif la ki se Kot Plaj. Yon viktwa byen merite ! 

Francklin Louis-Jean
Rapporteur
Animateur du club de Santo

26 Septembre 2017

Aucun commentaire:

Une année à la tête du PIJ

  cher.es ami.es, Depuis janvier 2022, je suis appelé par la direction de la FOKAL à assumer la charge de la coordination du Programme Initi...