28 oktob rezève nan tout peyi pou
selebre jounen entènasyonal Lang
ak kilti kreyòl. Nan jou sa a, tout peyi ki pale kreyòl yo òganize anpil
aktivite, tankou konferans,kozri, atelye, elatriye, pou selebre jounen sila a.
Se nan sans sa, responsab klèb deba jèn nan bibliyotek Rasin Lespwa nan Dabòn
te konsakre de (2) dènye vandredi nan mwa oktòb la pou fè jèn yo chita reflechi
sou kesyon lang kreyòl, patikliyèman kreyòl ayisyen an. Pou pemèt yo konprann
koze lang nan pi byen epi gade ki enpotans li nan edikasyon pèp ayisyen an, responsab
yo te oganize, jou ki te 27 oktob la, yon konferans sou tèm: “Lang kreyòl ak
kreyòl Ayisyen an”.
Devan yon piblik ki te genyen manb klèb la, elèv, etidyan ak lòt pwofesyonèl nan kominote a, Jefte, ki se animatè klèb deba sila a, te raple tout patisipan yo jounen mondyal lang ak kilti kreyol se zafè tout peyi ki pale kreyòl nan mond lan.Apre sa li te tou prezante entèvenan yo ki ta pral fè tikoze ak piblik la.
Devan yon piblik ki te genyen manb klèb la, elèv, etidyan ak lòt pwofesyonèl nan kominote a, Jefte, ki se animatè klèb deba sila a, te raple tout patisipan yo jounen mondyal lang ak kilti kreyol se zafè tout peyi ki pale kreyòl nan mond lan.Apre sa li te tou prezante entèvenan yo ki ta pral fè tikoze ak piblik la.
Madan Adelita
Polynice se yon lengwis,pwofesè ak otè liv ki rele “Kou kominikasyon kreyòl”.
Delex Ladouceur, se yon lengwis tou, e pwofesè lang. Toulède te rive bay anpil
enfòmasyon sou koze lang, sitou lang kreyòl Ayisyen an parapò ak lòt lang kreyòl
yo. Yo chak te louvri pòt sou yon lòt lang kreyòl pou yo te ka moutre diferans
ki egziste nan lang kreyòl yo.
Madam Adelita, nan
entevansyon li te montre ki kote mo Kreyòl la soti avan yo te bay lang nan pote
non an. Li te mete aksan sou PIDGIN ak SABIR ki te jwe yon wòl nan evolisyon
lang nan, pandan l te fè konnen tou SABIR la plis itilize nan kad echanj
komèsyal. Apre yon tirale mennen vini sou listwa komès triyangilè a ki te pèmèt
zansèt afriken nou yo ateri sou bout tè sa a, Madan m nan te souliye pou
patisipan yo, mo kreyòl la te itilize pou tiblan ki te fèt andedan koloni an, pita
li pral pou tout piti esklav ki fèt nan koloni an.
Tout sa ki te
fèt andedan koloni an yo te ba li pote non kreyòl tankou: fanm kreyol, bannann kreyòl,
kochon kreyòl, elatriye. Se aprè listwa sa a, li te fè yon paralèl ant kreyòl Zile
Moris ak kreyòl Ayisyen nan nivo estrikti fraz ak vokabilè. Nan nivo sentaksik,
2 lang sa yo pa esprime pase menm jan, epi nan nivo leksikal yo pa itilize menm
mo pou eksprime reyalite yo. Kreyòl zile Moris la fèt ak baz leksikal fransè
menm jan ak kreyòl Ayisyen an.
Poutan Delex Ladouceur te fè yon apwòch sou lang
kreyòl Jamayiken, ki se yon patwa ak lang pa nou an, an Ayiti.San l pa t bay detay
sou kesyon orijin lang kreyòl la, li te pito ajoute kèk pwen sou sa madanm nan
pat rive di, tankou anpil ka aglitinasyon nan kreyòl Ayisyen tankou : lalin, labib.
Nan entèvansyon pa li a,li te chita tou sou estrikti toude lang yo.Tankou nan
kreyòl jamayiken an, yo itilize pwonon konpleman nan anglè kouran an pou sijè, san
konte lòt eleman yo ajoute. Delex te fè yon apwòch istorik pou l te ka rive
esplike epi bay plis detay sou koze lang nan.
Anpil kesyon te
poze aprè entèvansyon panelis yo. Silas, yon elèv filo te swete konnen si sa
posib pou yo ta fè edikasyon an kreyol lè nou konnen se letranje kap finanse
edikasyon an. Pou reponn li, Adelita
te fè konnen se nan lang manman yo ak
papa yo yo ka rive trape konesans pi byen. Li te fè referans ak liv gwo lengwis
ayisyen an, IV DE JAN, ki ekri : “Yon lekòl
tèt anba nan yon peyi tèt anba”. Referans liv sa te bay pou l te ka kore
pozisyon l pou l di tout peyi sou latè konnen lang ou leve jwenn nan, se li ki
ap pèmèt ou konprann epi kapab esplike sa w konprann nan pi byen.
Delex te abonde
nan menm sans ak madanm nan pou l di : “Elèv
an Ayiti tounen jako repèt, n ap repete yon bann bagay pandan nou pa ka bay
esplikasyon sou sa n ap repete a ak mo pa nou. Dat nou aprann listwa tisoufri, chak
moun ki la ka rakonte l ak mo pa yo san nou pa trayi listwa a. Wi, edikasyon an
dwe fèt nan lang kreyòl la, men pou nou rive a sa, leta gen travay pou l fè
anvan. Travay tankou bay moun akademi kreyòl Ayisyen an travay pou pwodui liv
yo an kreyòl”.
Konferans sa te
pèmèt jèn yo konprann pi byen
koze lang nan edikasyon an. Li rive fè jènn yo konprann pa gen pi bon fason pou
leve eskanp figi ediksayon yon peyi toutotan se pa nan lang manman nou li fèt.
Jefté Thelisma
Animatè
klèb deba Dabòn
9 Novanm 2017
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire