vendredi 10 novembre 2017

Jèn nan klèb Dabòn chita reflechi sou lang kreyòl ak kreyòl ayisyen

28 oktob rezève nan tout peyi pou selebre jounen entènasyonal Lang ak kilti kreyòl. Nan jou sa a,  tout peyi ki pale kreyòl yo òganize anpil aktivite, tankou konferans,kozri, atelye, elatriye, pou selebre jounen sila a. Se nan sans sa, responsab klèb deba jèn nan bibliyotek Rasin Lespwa nan Dabòn te konsakre de (2) dènye vandredi nan mwa oktòb la pou fè jèn yo chita reflechi sou kesyon lang kreyòl, patikliyèman kreyòl ayisyen an. Pou pemèt yo konprann koze lang nan pi byen epi gade ki enpotans li nan edikasyon pèp ayisyen an, responsab yo te oganize, jou ki te 27 oktob la, yon konferans sou tèm: “Lang kreyòl ak kreyòl Ayisyen an”.
Devan yon piblik ki te genyen manb klèb la, elèv, etidyan ak lòt pwofesyonèl nan kominote a, Jefte, ki se animatè klèb deba sila a, te raple tout patisipan yo jounen mondyal lang ak kilti kreyol se zafè tout peyi ki pale kreyòl nan mond lan.Apre sa li te tou prezante entèvenan yo ki ta pral fè tikoze ak piblik la.

Madan Adelita Polynice se yon lengwis,pwofesè ak otè liv ki rele “Kou kominikasyon kreyòl”. Delex Ladouceur, se yon lengwis tou, e pwofesè lang. Toulède te rive bay anpil enfòmasyon sou koze lang, sitou lang kreyòl Ayisyen an parapò ak lòt lang kreyòl yo. Yo chak te louvri pòt sou yon lòt lang kreyòl pou yo te ka moutre diferans ki egziste nan lang kreyòl yo.

Madam Adelita, nan entevansyon li te montre ki kote mo Kreyòl la soti avan yo te bay lang nan pote non an. Li te mete aksan sou PIDGIN ak SABIR ki te jwe yon wòl nan evolisyon lang nan, pandan l te fè konnen tou SABIR la plis itilize nan kad echanj komèsyal. Apre yon tirale mennen vini sou listwa komès triyangilè a ki te pèmèt zansèt afriken nou yo ateri sou bout tè sa a, Madan m nan te souliye pou patisipan yo, mo kreyòl la te itilize pou tiblan ki te fèt andedan koloni an, pita li pral pou tout piti esklav ki fèt nan koloni an.

Tout sa ki te fèt andedan koloni an yo te ba li pote non kreyòl tankou: fanm kreyol, bannann kreyòl, kochon kreyòl, elatriye. Se aprè listwa sa a, li te fè yon paralèl ant kreyòl Zile Moris ak kreyòl Ayisyen nan nivo estrikti fraz ak vokabilè. Nan nivo sentaksik, 2 lang sa yo pa esprime pase menm jan, epi nan nivo leksikal yo pa itilize menm mo pou eksprime reyalite yo. Kreyòl zile Moris la fèt ak baz leksikal fransè menm jan ak kreyòl Ayisyen an.

Poutan  Delex Ladouceur te fè yon apwòch sou lang kreyòl Jamayiken, ki se yon patwa ak lang pa nou an, an Ayiti.San l pa t bay detay sou kesyon orijin lang kreyòl la, li te pito ajoute kèk pwen sou sa madanm nan pat rive di, tankou anpil ka aglitinasyon nan kreyòl Ayisyen tankou : lalin, labib. Nan entèvansyon pa li a,li te chita tou sou estrikti toude lang yo.Tankou nan kreyòl jamayiken an, yo itilize pwonon konpleman nan anglè kouran an pou sijè, san konte lòt eleman yo ajoute. Delex te fè yon apwòch istorik pou l te ka rive esplike epi bay plis detay sou koze lang nan.

Anpil kesyon te poze aprè entèvansyon panelis yo. Silas, yon elèv filo te swete konnen si sa posib pou yo ta fè edikasyon an kreyol lè nou konnen se letranje kap finanse edikasyon an. Pou reponn li, Adelita te fè  konnen se nan lang manman yo ak papa yo yo ka rive trape konesans pi byen. Li te fè referans ak liv gwo lengwis ayisyen an, IV DE JAN, ki ekri : “Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba”. Referans liv sa te bay pou l te ka kore pozisyon l pou l di tout peyi sou latè konnen lang ou leve jwenn nan, se li ki ap pèmèt ou konprann epi kapab esplike sa w konprann nan pi byen.

Delex te abonde nan menm sans ak madanm nan pou l di : “Elèv an Ayiti tounen jako repèt, n ap repete yon bann bagay pandan nou pa ka bay esplikasyon sou sa n ap repete a ak mo pa nou. Dat nou aprann listwa tisoufri, chak moun ki la ka rakonte l ak mo pa yo san nou pa trayi listwa a. Wi, edikasyon an dwe fèt nan lang kreyòl la, men pou nou rive a sa, leta gen travay pou l fè anvan. Travay tankou bay moun akademi kreyòl Ayisyen an travay pou pwodui liv yo an kreyòl”.

Konferans sa te pèmèt jèn yo konprann pi byen koze lang nan edikasyon an. Li rive fè jènn yo konprann pa gen pi bon fason pou leve eskanp figi ediksayon yon peyi toutotan se pa nan lang manman nou li fèt.

Jefté Thelisma
Animatè klèb deba Dabòn

9 Novanm 2017

Aucun commentaire:

Une année à la tête du PIJ

  cher.es ami.es, Depuis janvier 2022, je suis appelé par la direction de la FOKAL à assumer la charge de la coordination du Programme Initi...