mercredi 13 décembre 2017

Banm ti nouvèl ou !


Kenley Guerrier
Sant kiltirèl Pye Poudre, nimewo 312 sou wout Boudon an, sa gen anviwon 4 a 5 lane se la mwen ta pral fè konesans ak adminitrasyon sa ki louvri pou granmoun, jèn moun, timoun, e ki pran angajman poul mete yo tout an valè. Depi lè m fin rive nan bibliyotèk sa a, li vin banm anvi akouche yon kapasite entèletyèl kem te genyen, men kem pat kapab akouche pou kont mwen. Yon anvi konnen plis, sa gen anviwon 3 a 4 lane kote mwen ta pral rankontre "klèb debat Kris Wa" ki vin banm yon anvi li plis, epi banm yon imaj pozitiv de anpil bagay kem pat konnen.
A travè rankont chak samdi yo, mwen aprann anpil bagay ki fèm wè vi pam, vi pa lòt moun nan yon lòt fasèt konplètman pozitif. A travè rankont yo, deba li yo, sitou lè nap fè chanje lide lib e libè sou yon sijè, li devlope sans leadership ke nou genyen lakay nou ke nou te inyore petèt, epi aprann nou viv kom frè ak sè, montre nou pataje, aprann renmen sa ki kote w.
Depi dè zane Misye Alfred  ak Lazard, 2 potorik gason ki la ak tout jèn sa yo, kote yap bay tout yo menm  pou jèn sa yo wè antouraj yo, vi yo, yon lòt fason pi klè e poun ale dpuvan, epi gen bon rezonman.
    
Avanm te integre klèb la, mwen te timid, mwen te gen pwoblèm poum trete yon sijè nan 2 ka diferan (pozitif, negatif), mwen te konn li konsa konsa, ou ankò li pou li

Depi lèm antre nan Klèb jiska jodi a, mwen chanje konplètman. Mwen vin konn sak rele dwa moun plis, ak dwa kem genyen, mwen vin aprann tolere, respekte lide yon lòt e diskite avèl pozitivman sanm pa denigre l, mwen vin ka defann mwen nan plizyè ka, a travè deba yo, rankont yo.
Deba montre m pataje, li fèm konn enpòtans lekti plis, li montrem pou m pa fè difamasyon, e avanm di yon bagay fòm ka konfime l avèk bon jan prèv, li fèm gen respè pou tèt mwen e pou lòt moun.
Si lèm pale kounyea ou santi pawòl mwen yo gen sèl, yo bon nan zòrèy ou, se gras a klèb deba Kris Wa. Mwen panse se yon sosyete, se yon gwoup, se yon fanmi, se yon lye de memwa entèlektyèl ke tout jèn parèy mwen tout granmoun ta dwe frekante pou fè w viv, e gen yon lide pozitiv de sosyete nou an, epi defann li a travè kapasite entelektyèl li devlope nan nou.
Klèb  deba sa a, depi anviwon 3 a 4 lane, se yon lòt mwen menm  li pwodwi.
Klèb deba se yon andwa kap anrichi konesans tout jèn, li difisil pou ou sòti ladann le samdi a 4h pou w pa ap panse 4 ou 5è de tan de sa ki sòt pase a, ak tout frè w, sè w, fanmi w, kamarad ou yo. kote Misye Alfred se papa nou, pot konparèd, kasav, e menm nan bwat a lunch li nou tout ap patisipe. Yon jès ki fè nou aprann pataje. A 4è a, nou tout fè yon sèl soti : chak moun gen yon kanmarad lap pale, keseswa, nouvo kap konvèse ak ansyen pou elaji fanmi an plus, bay blag sou tout wout la, e aprann nou pa viv an blòk, pou nou pa gen prejije.
Nou pap ka sonje tout bagay, men klèb deba fèn viv anpil moman agreyab, konnen anpil bèl kote. An verite, klèb la pa bay degou. Depi jedi ou pa wè kilè pou vandredi rive, pou ap siveye demen samdi pou oual nan anbyans sa a. E si tout fwa ou pata vini yon samdi, humm!!!

Epa de koze, epa de konesans, epa de distraksyon ou pèdi pou jou sa, depi lèm fin antre nan Klèb la! Epa de konesans ki pa ogmante, epa de zanmi kem pa genyen, respè youn pou lòt se prensip sa ken akouche nan mitan nou, ak Klèb la mw vin yon moun de konfyans, de respè, Klèb deba se pwogrè, se angrè, se respè, panse pozitif, chanjman total kapital!    

Aucun commentaire:

Une année à la tête du PIJ

  cher.es ami.es, Depuis janvier 2022, je suis appelé par la direction de la FOKAL à assumer la charge de la coordination du Programme Initi...