vendredi 1 octobre 2021

Debatè klèb Dabòn aprann kontwole stress


 Vandredi 17 Septanm 2021

Apre kèk tan klèb deba nan bibliyotèk Rasin Lespwa te fè san rankontre jenn yo nan lide pou te pwoteje yo ak konbat pwopagasyon viris la, vandredi 17 Septanm 2021 klèb la te rive planifye ak òganize yon rankont ak dizwit (18) jenn, nèf (9) gason ak nèf (9) fi. Pou rankont sila te posib, anmatè yo te mande pou chak jenn mache ak kach nen yo, epi respekte distans sosyal la. Rankont sila a te rive fèt pou te pèmèt jenn yo eksprime yo parapò ak moman ensekirite, tansyon politik ki ap ravaje peyi a plis viris kowona ki ap vale tèren. Animatè yo te envite de (2) sikològ ak Responsab Lekòl Mesye Fritznel Mede ak Mesye Telson Vixama ki te prezan pou te kapab konseye jenn yo sou sa yo dwe fè pou yo kapab kontwole nivo estrès ak fristrasyon yo. Telson Vixama se yon ansyen manm klèb deba Dabòn nan.

Jefte THELISMA, animatè prensipal klèb la, te salye jenn yo epi bay rezon prezans yo nan espas sila a pandan li te mande yo pou yo pa pè vide tout sa ki nan lespri yo , di kòman sitiyasyon peyi a jounen Jodi a afekte yo, ki chanjman ki opera nan konpòtman yo. Telson Vixama te pwofite fè yo konnen Ayiti se yon peyi Twomatojèn kote sitiyason an tèlman egzajere li devlope kay moun yo yon seri santiman moun nan pafwa pa menm ka esplike oubyen konnen. Akoz relasyon sere sere ki genyen ant Moun ak anviwonman an fè evolisyon anviwonman an gen gwo enpak sou “Myezèt sichik” chak moun ki ap evolye la. Konsa se moun yo ki pou chache adapte yoak fenomèn sa yo, devlope estrateji pou sa tou.

Osly Désir, yon jenn ki nan NS4 nan klèb la di li menm sitiyasyon peyi a, koze ensekirite pa twò boulvèse li men zafè kowona a ki plis frape li. Paske jan Leta jere sa a fè li santi se yon blag kowona ye menm si li pa vle riske akoz sa li wè e tande k ap pase lòt kote.

Angeline Fleurimon yon jenn fi ki nan NS4 tou fè konnen li menm li egziste men li p ap viv. Li di pandan klèb la, bibliyotèk la ap moutre li enpòtans pou li kontinye aprann men gen yon bann lòt jenn bò lakay li ki ap pase li nan betiz, ki ap trete li enpav chak fwa li moutre enterè li genyen pou mete inifòm pou ale lekòl oubyen vini nan espas bibliyotèk la.

Lund Valby Bocage yon manm klèb la fè santi li menm gen kèk tan li pa sansib ankò. Ki donk depi evenman an pa touche li oubyen yon manm nan fanmi li, sa pa ba li pwoblèm. Li di avan li pa t konsa pou li te fini entèvansyon li a.

Pou premye gwoup sa, youn nan entèvenan yo Firtznel Mede te esplike yo zafè twomatis yo genyen ki poko janm geri depi tranblemanntè 2010. Sou sa vin ajoute kriz sosyopolitik yo. Chak moun se yon moun inik, diferan youn parapò ak lòt. Sa ki pèmèt lè yon bagay rive, nou chak gen estrateji nou devlope pou nou kapab eseye adapte nou ak sa. Gen moun pwosesis la pran plis tan pou fèt.

Jhooly Medgina Bonnaventure yon jenn ki t ap viv Matisan e ki kòmanse frekante klèb la ak dlo nan je te pran rakonte move avanti ki koze penn li pandan li t ap viv Matisan. Li mande kisa Fanmi li te fè pou sibi sa. Li leve matisan, manmi li se machann anba lavil la. Nèg move entansyon oblije fè li kite zòn li, zanmi li, kay li ak tout sa li te posede kòm jenn fi ki t ap grandi pou li vin rete Leyogàn. “Rèv mwen se fin lekòl, rantre nan Inivèsite.Men eske sitiyasyon an p ap fè m aji fason pa t janm swete? ” kesyon li te poze apre li te fin di se anba bal li kouri kite matisan. Gade manmi li ki ap kriye kou timoun piti, ti frè li ki ap di pa gen lavi ankò pou yo, fè li parèt san fòs.


Christina Charles yon jenn ki se yon atis nan klèb la ki te chanpyon konkou Radyo Educ FM ak Centre pour l’Éducation communautaire et la culture te rive reyalize an desanm lane dènye,  rakonte pwoblèm pa li se ak manm legliz manmi li ki ap egzije manmi li pou fè li mete fen ak karyè atisitk li. “Manman m pa vle m chante malgre jan li te kontan wè m sou sèn nan final konkou a”, li te ajoute.

Lood’s Shaika Guerrier ki se youn nan jenn ki reyisi nan egzamen NS4 ane a fè konnen li pa wè sa pou li fè paske li te vle rantre pòtoprens pou etid inivèsite li men manman li pafwa dakò pafwa li pa dakò akoz move nouvèl yo. “Pwoblèm mwen kounya se kapte, m pa gen memwa menm. Tout sa m etidye yo, m bliye yo” Li te fè konnen.

Sillas Bellevue, yon jenn ki travay anpil nan kotche moun nan zafè motivasyon epi ak animatè yo fòme nouvo jenn yo nan deba moutre akoz li li anpil fè li devlope estrateji ki pèmèt li adapte li. Pou Sillas jenn yo dwe kreye pwòp reyalite yo ki ap pèmèt yo adpete yo ak reyalite Peyi a. “Tout pwoblèm mwen kounya se jenerasyon an ki ap depafini an” li te fè konnen.

Remarque Lorkens yon jenn depi nan 9vyèm ane Fondamental ap frekante klèb la rakonte pè li nan nivo sekirite peyi a. “Yon jou m ap sòti lekòl, yon ti jenn rale zam li devan m epi li tire yon lòt, kote san vole sou mwen sal inifòm mwen” li te fè konnen nan sa ki rann li estrese.

Telson vixama te raple yo legzistans se yon sòm prensip e se kraze, pa respekte oubyen pa rekonèt prensip yo ki fè nou kote nou ye la. Gen moun ki ap chache satisfè bezwen yo nenpòt fason pandan yo koupe kout je anviwonman an ak lòt moun ki ap viv kote yo. Sa ki ap pase nan anviwonman  dwe sonnen alam nan tèt nou, gade ki kote sa ka rive. Konsa pou nou ka kouri prese prese aji. Nan yon fason oubyen yon lòt depi bab kanmarad ou pran dife, si ou pa mete pa ou alatranp pa ou dèyè tou. Sitiyasyon yo afekte nou, kounya se devlope estrateji ki ap pèmèt nou kontinye viv pou nou pa dekouraje nan reyalizasyon rèv yo. Li pa fasil men pale yo se deja yon premye pa, esprime nou, chache yon konfidan, yon moun konfyans ki pou konnen sa ki ap travèse nou, patisipe nan aktivite ki ap fè nou reflechi, mele nou ak jenn ki gen objektif ak vizyon grandi chak jou pou nou ka jwenn lanvi kontinye aprann menm si se sou entènèt ki bay posiblite kou anliy yo.

Mede te ajoute pou li di yo “Nou bezwen kontinye viv. Pou nou fè sa, se devlope estrateji, fokis sou rèv nou, aprann sou sitiyasyon yo, epi konsilte detanzantan yon moun nou fè konfyans pou nou pale. Pa janm kache jan nou santi nou, pou sa pa vin pi grav”

NB: Genyen de jenn nan klèb la ki ta ta dwe jwenn yon tretman apa pou sa ki ap travèse yo. Pou sikològ yo se yon enfim pati nan emosyon yo ki rive devwale.

Merline Sommervil, dezyèm animatris klèb la, te pwofite konseye yo pou yo pwofite fè tout sa ki pozitiv nan lavi a, chache rezon bay tèt yo, paske fòk yo kontinye viv.

Tout jenn yo te jije rankont klèb la te manke yo anpil anplis deside fè yo rankontre ak sikològ yo se yon gwo pwen animatè yo make. Yo pwofite mande pou yon rankont konsa rive fèt chak mwa kote yo ap ka esprime yo, di sa ki ap fè yo mal, sa yo ap sibi. Fòme yon terapi gwoup anndan klèb la enpòtan anpil pou yo. Animatè yo te satisfè pandan yo pwomèt yo pral travay pou pèmèt yo kontinye akonpanye yo. Rankont vandredi 17 septanm nan te enteresan epi enpòtan pou jenn yo  ak animatè yo. Se te yon rankont retwouvay men tou yon rankont ki devwale tout travay ki ap tann animatè yo nan kontinye akonpanye jenn yo sitou sa yo ki poko ka rive esprime libelibè sa yo ap sibi.

 

Jefte THELISMA

Animatè klèb Deba Dabòn

 

Aucun commentaire:

Une année à la tête du PIJ

  cher.es ami.es, Depuis janvier 2022, je suis appelé par la direction de la FOKAL à assumer la charge de la coordination du Programme Initi...