mercredi 23 juin 2010

Alew Labòd! par Brunel François


IMG_3867.jpg

Ale w Labòd!

Sa ki vle di vouzan pou kek moun, vle di plezan pou kèt lot

E lot sa yo se te plis pase 50 jèn fi ak jèn gason ki te sot nan divès rejyon peyi a pou al bout labȏd nan okay nan yon kan refleksyon.

Pou travay, se te ‘’ full time ‘’ avèk yon pwogram chaje :expoze, atelier, brase lide restitisyon, spo, mange farouch rap sougita chansonèt sou bri bon pwiske n pat gen tanbou.

Ppou plezi menm, se sèl kri ektoz ki te koupe silans devan bèl jedemo ki tap penetre tout moun te fè yon kont manken, paske tout kamera tap tonbe san pran souf.

Pou bèl vizit nou fè lavil okay ak nan’’Haiti verte’’. Sa libere lespri nou depifo vye imaj 12 janvye kite. Se te yon okazyon pou nou dekouvri valè atis ki genyen nan kominote ‘’Vague du futur’’. Men se kisa FOKAL ak D&D ap fè pou talan sa yo pa gaspiye, kap toumante’n. La a tou, nou te wè konbyen, lè nou manifeste volonte pou’n viv ansanm, nou ka transfome latè an paradi.

1) Chapo ba pou JG. Anis(FOKAL)

2)Respè pou Francois D.(D&D)

3) Bravo la kontantman pou Jn Mary Robenson Sanon

E pa gen mo pou felisite non tout jèn patisipan yo

Anfen, si yon moun vle’m flache pa di’m ’’Alew labȏd’’

Paske map pito ri akoz sa ap raplem plis bèl souvni.

E ou menm ?

Nelo m pa rap sèlman


Brunel François,

Club VDF de Mon Repos

Aucun commentaire:

Une année à la tête du PIJ

  cher.es ami.es, Depuis janvier 2022, je suis appelé par la direction de la FOKAL à assumer la charge de la coordination du Programme Initi...