mardi 6 novembre 2018

Jèn nan klèb Jeremi selebre jounen entènasyonal lang kreyòl


Nan jou samdi 27 oktòb la, lavèy jounen entènasyonal lang kreyòl la, nou te profite fon rankont okazyonèl kote jèn yo te jwon match degzibisyon an kreyòl, chante ak deklame kèk pwezi kreyòl.

Match deba sa a te jwe pou 2 rezon : verifye si nou manb yo konprann sa n te wè ak yo aprè 6 bèl seyans fòmasyon epi fete kreyòl la kòm lang matènèl nou. Se sak fè n te chwazon sijè ki byen apropriye a : Ansèyman an ta dwe fèt an kreyòl nan peyi a.

Mon rezime match la :

Ekip afimativ la te gen ladanl : Cadet Nephtalie, Joseph sandy ak Michel Jean Barth. Ekip negativ la te gen limenm : Laraque Edwin, Lovekendy Jourdan ak Phiney Marthe Erlie.

Pou ekip afimativ la, Ansèyman an, ta dwe fèt an kreyòl nan peyi Dayiti paske se lang matènèl nou, Ayisyen. Lè yon elèv ap aprann nan lang matènèl li, li konprann pi byen epi aprantisaj la fèt pi byen tou. Nan rapò asanble palmantè kit e fèt 7 fevriye 2006, M. Jacques Legendre di :

« Beaucoup de langues différentes sont parlées en Europe et sont les langues maternelles des citoyens européens. Certaines sont des langues officielles, d'autres des langues régionales ou minoritaires et d'autres ne sont liées à aucun territoire particulier ou sont des langues de l'immigration. D'un point de vue pédagogique les résultats sont meilleurs quand des enfants sont enseignés dans leur langue maternelle ». Li kontinye poul di : « Chaque citoyen européen devrait pouvoir étudier sa langue maternelle ». Kidonk, ansèyman an kreyòl prale anfavè timoun epi anfavè peyi tou.

Ekip negativ la fè konprann rezilta yo meyè lè ansèyman an fèt nan lang matènèl aprenan an, men sa pa vle di li paka fèt ditou. Li ajoute pou l di se lang aprantisaj la pou yo byen aprann aprenan an pou l ka byen konprann. Se pa yon kesyon de lang matènèl. Li tavanse 2 agiman :

1)      Nou pa gen manyèl eskolè ki ekri an kreyòl : Son konsta tout moun fè, aprè liv kou kreyòl yo, tout liv yo itilize nan lekòl se liv fransè. Kidonk nou poko prè pou nou fè lekòl an kreyòl.
2)      Ansèyman an fransè a fè yo diferansye nou ak lòt moun kip a lekòl la yo: lè ansèyman an fèt an fransè, elèv la ap ka pale fransè. Lè sa a, yap kapab diferansye fasilman de moun ki pa ale lekòl yo.

Avanl te rekonswi, 2e afimatif la te di : « Zanmi konpetitè a, negatif 1 sot di nan eksplikasyonl, nou poko prè. Si l di nou poko prè pou fè ansèyman an non lòt lang, sa vle di li posib. Epi, jan koekipye m lan sot di an, li sifi nou pran tan n aprann timoun lan lang kòrèkteman. Fason l fòmile 2e agiman an diskriminatwa anpil. Poukisa m bezwen pale fransè pou diferansye de lòt, pou montre m siperyèl ? Poutan nap viv yon moman kote nap fè promosyon valè youn nan prensip dwazimen ki se nondiskriminasyon.

            Men sak te fè lesansyèl nan match ekzibisyon 27 oktòb la. Aprè, nou gen jèn kit e deklame pwezi kreyòl, entèprete chan kreyòl tankou: “Choukoun” de Oswald Durand, “Si lakansyèl te gen vwa” de Lumane Casimir…

            Samdi kap 10 oktòb la, nap fè premye tounwa deba nou pou ane sa a sou DKP a. Nou pral mobilize tout jij ki te suiv fòmasyon abritraj match deba Kòdonatè Anis lan : Mathurin Denel, Neptune Adrien, Sylvain Antonin…

            Men tout enfòmasyon nou ka bay sou Club Débat Jérémie (CDJ) an.

Waldinde GERMAIN
Animateur du club de Jérémie

Aucun commentaire:

Une année à la tête du PIJ

  cher.es ami.es, Depuis janvier 2022, je suis appelé par la direction de la FOKAL à assumer la charge de la coordination du Programme Initi...