mercredi 4 février 2015

Le club de débat Jérémie en mode tournoi

Formation sur le débat

Depuis l’ouverture du club en septembre 2014, on commence à former les jeunes sur le débat puisqu’ils sont pour la grande majorité de nouveaux inscrits. Ainsi nous réalisons chaque samedi, au centre Numa Drouin de Jérémie, une séance sur chacune des notions qu’on doit maitriser avant de passer au match de débat comme : définition de débat, types d’énoncé, brainstorming, recherche documentaire, argumentation, la construction du cas réfutation, la reconstruction, le contre-interrogatoire, la structure du format Karl Popper…



Klèb deba Jeremi an reyisi yon pari: 2 ekip debat nan lang kreyòl

Aprè plizyè seyans fòmasyon sou deba nan klèb deba Jeremi an, samdi 22 novanm, nou te òganize yon match demonstrasyon nan Sant Numa droin. Men, kontrèman ak lòt match yo, match sa a te jwe an kreyòl. Nou te jwe l an kreyòl pou 2 rezon: pou nou fè nouvo manb yo konprann pi byen kijan pou yo debat ak genyen, youn nan pi gwo pari FOKAL pou lane sa a (débattre en créole).

Sijè a te sòti nan fim « Les Grands débatteurs » de Denzel Washington, ki di : « Èd sosyal fè moun pa travay ».  Ekip negatif la te gen ladan l Clerveaux Claricia, Belris John Feguerson Louis ak Jolibra Didero, epi Joseph Kervens, Bazar Sheevlay ak Julie julien, pou ekif afimatif la.
Men rezume match sila a:

Pozisyon ekip afimatif la 

Ekip afimatif la te bay  agiman sa a:

Èd bay plis ke sa patwon yo ofri ”. Anpil fwa, moun kap travay yo se eksplwate yap eksplwate yo. Ti salè yo ba yo a pa egal ak travay yap bay la. Se yon konsta : majorite moun kap travay an Ayiti pa menm rive ka manje, vwa pou yo ta voye pitit yo lekòl. An nou pran yon pwofesè kap touche 6,000 goud pa mwa, kisa l ka fè ? Poutan gen moun ki benefisye èd Sè Maryann HHF, li ba yo kay pou rete, li ba yo manje chak semèn, li bay kòb chak mwa epi li peye lekòl pou timoun. Eske moun sa yo pral travay? Gen 52 % ONG kap bay èd et 48 biwo travay nan peyi dayiti. Kidonk èd sosyal la ap fè moun sispann travay vre.

Refitasyon ekip negatif la
Advèsè a di ke èd sosyal bay plis ke patwon yo. Pou l esplike sa, li di : « Anpil fwa, moun kap travay yo, se eksplwate yap eksplwate yo. Ti salè yo ba yo a pa egal ak travay yap bay la. Son konsta : majorite moun kap travay Ayiti pa menm rive ka manje, vwa pou yo ta voye pitit yo lekòl ». Sa fè nou konprann èd sosyal la pa fè moun sispann travay men li retire yo anba grif patwon kap eksplwate yo.

Pozisyon ekip negatif la 

Ekip negatif la te opoze l a sijè a avèk 2 agiman sa yo :
1e agiman: Èd sosyal kontribye nan devlòpman peyi a”.
Gras ak èd sosyal la, anpil timoun paran yo pa gen mwayen rive al lekòl, yo jwenn bous pou yo al etidye, e jodi a, gen anpil ladan yo kap travay epi ki menm rive envesti nan lòt timoun, ak fè antepriz nan peyi a. Nou gen egzanp yon jèn ki te benefisye sibvansyon nan FOKAL. Jodi a misye vin yon gwo antreprenè e li te bay Fokal kòb pa l poul sibvansyone etid lòt etidyan. Pwogram ede pèp la rann anpil sèvis tou. Se pa tout moun tou ki ka travay. Daprè AyitiNews, gen plis ke 5 milyon moun ki paka travay Ayiti. Èd lan itil moun sa yo tou.

Refitasyon ekip afimatif la
Avan ekip afimatif rekonstwui, li refite konsa agiman sa a  : Ede pèp pa pote yon amelyorasyon vre. Gen timoun ki kite lekòl avan lè pou yal nan ede pèp. Epi, se pa moun ki malere yo, ki nan nesesite ki jwenn ede pèp la vre. Nan rate kou konsa, randman skolè yo ap diminye. Eske sa kontribiye nan devlòpman vre ? Li ta preferab yo aprann malere yo peche pandan ke ya konstwi lekòl pwofesyonèl pou yo aprann moun metye ak kreye travay.

2e agiman: “Èd sosyal fasilite egalite sosyal nan peyi a
Selon etid ekonomis yo fè, e jan ekonomis ayisyen Kesner Pharel konn repete l tou, 85% richès sou planèt la rete nan men 15% moun sou latè. Si nap fon silojis, pwiske Ayiti nan planèt la, li pa echape ak sa tou. Se sak fè, gen moun kap twò byen manje poutan genyen menm ki paka manje yon pen sèk chak jou. Gen yon gwo fose ant moun ki rich yo ak moun ki pòv yo. Bay pòv yo èd sosyal ap fasilite yon egalite sosyal.

Refitasyon ekip afimatif la
Èd sosyal fè parazit, moun ki depan de lòt moun. Poutèt mwen depann de yon ONG, eske sa ka fèm egal ak lòt ki gen mwayen yo ?

Reyaksyon debatè yo
Aprè match sila a, animatè Waldinde pran lapawòl pou l felisite 2 ekip yo, dabò pou fason yo jwe match la pou premyè fwa an kreyòl, epi sou jesyon tan an nan deba a. Paske gen moun ki pran twòp tan, genyen ki pran twò piti tan. Li te pale tou sou kòman nou dwe avanse sous yo, ki sit entènèt nou ka itilize pou sipòte agiman nou yo.

Answit, li te mande 35 lòt jèn ki te prezan reaksyon yo. Yon jèn ki rele Polnareph di : « Mwen te konprann kijan deba a fèt suivan jan mèt Waldinde te esplike nou, men match sa a fèm pi byen konprann li ».

Julie, youn nan jwè ekip afimatif la, di : « M te toujou ap mande pou kisa nou pa janm jwe yon match nan lang kreyòl. Jodi a sa fèt, m byen kontan. Men, youn nan bagay ki banm pwoblèm se paske sous yo nou jwenn yo pa an kreyòl. Nou oblije ap tradwi yo, e jan maksim an laten an di l, tout moun kap tradwi se trèt. Nou espere yon jou, gran otè syantifik ayisyen yo va ekri an kreyòl menm jan ameriken ekri an anglè ».

Pou fini, Madrine Gay, lòt animate klèb la di nou bay vakans, paske tout jèn yo pral gen egzamen nan jou kap vini la yo epi  nou chwazi 2 lòt ekip ki gen pou jwe yon lòt match samdi kap 20 desanm lan, 2 semèn anvan fèt fen dane ke  klèb la ap òganize.

La vidéo de FOKAL sur débat, un outil précieux

Le samedi 24 janvier, suite au match d’exhibition, comme nous conseille toujours le coordonnateur du PIJ, Jean Gérard Anis, nous a tourné pour les jeunes le documentaire sur le débat afin de combler les failles pour certains et consolider les acquis pour d’autres. La réaction des jeunes a été très édifiante.

Pour Danescar, ce documentaire est extrêmement important pour les débatteurs : « Ce documentaire, je peux dire, est pour le débatteur ce que l’oxygène est à la vie. Donc, nul ne devrait se jeter dans le débat sans avoir visionné préalablement ce documentaire ! ».

Quant à Claricia et Polnareph, ils ont simplement appris de nouvelles notions qui n’ont pas été vues pendant les différentes séances de formation qu’ils ont eues. « Ce que j’ai appris de nouveau de ce documentaire, c’est le pair-play dont il faut faire montre au cours du débat, le respect de l’autre et l’amusement »,  a avancé Polnareph. « Pour ma part, c’est le pour et le contre de l’énoncé qu’il faut préparer. C’est peut-être pour faciliter notre tâche, mais l’animateur nous a donné notre position à défendre pour le match d’exhibition qu’on a joué », s’est plainte Claricia.

Selon Kervens, le documentaire n’a été qu’une consolidation des acquis. « Comme l’a dit l’animateur Waldinde, pour introduire le film, nos acquis pendant plusieurs samedis qu’on s’est réunis ici seront consolidés par ce document vidéo. Ce dernier n’a fait que mettre les points sur les i », a-t-il conclu.

Le club en mode Tournoi

Après la réaction des jeunes, l’animatrice Madrine a formé les équipes pour le tournoi entre les membres du club. On a eu 8 équipes en tout, à raison de quatre joueurs par équipes. Les premiers matchs auraient été joués samedi 31 janvier 2015, mais les fortes pluies qui se sont abattues sur Jérémie nous ont empêchés malheureusement. Nous comptons terminer ce tournoi avant la période carnavalesque.

Pendant que nous faisons un tournoi entre les membres du club, nous planifions la 2e édition du tournoi de débat inter-scolaire qui va avoir lieu du 6 au 8 mars 2015. Nous avons déjà écrit des lettres d’invitation pour envoyer aux directeurs d’écoles de la ville. Mardi prochain, nous allons voir le directeur départemental d’éducation pour solliciter de lui son support et enregistrer le spot publicitaire à Solution Records. Contrairement à l’année dernière, nous espérons que la FOKAL nous donne son support cette année.

Waldinde Germain
Animateur du club de débat de Jérémie

Aucun commentaire:

Une année à la tête du PIJ

  cher.es ami.es, Depuis janvier 2022, je suis appelé par la direction de la FOKAL à assumer la charge de la coordination du Programme Initi...