mardi 3 février 2015

PRENSIP DEBA NAN LANG KREYÒL

Règleman

Fè deba an kreyòl vle di :

1. Aplike tout règleman ki òganize fòma deba nou abitye itilize nan pwogram FOKAL la (Karl Popper, Public forum, Parliamentary debate…).

2. Sijè deba a ak tout lòt dokiman ki abitye itilize nan deba (bilten jij, tablo deba) dwe ekri an kreyòl, sòf non ak siyati debatè yo.

3. Debatè yo dwe pale sèlman kreyòl pandan diskou yo, tankou lè debatè yo ap bay agiman, eksplikasyon, prèv, fè refitasyon ak rekonstwi agiman pou konvenk jij yo ak piblik la.

4. Tout prèv pou agiman yo dwe bay an kreyòl. Sa vle di debatè yo gen obligasyon pou yo mete nan lang kreyòl enfòmasyon ki ekri oubyen ki di nan yon lòt lang, enfòmasyon yo jwenn nan liv, nan jounal, osinon sou entènèt.

5. Debatè yo dwe poze oubyen reponn tout kesyon an kreyòl.

6. Jij deba yo dwe fè tout kòmantè, dwe bay desizyon yo an kreyòl.

7. Jij deba yo dwe ekri sou bilten vòt yo an kreyòl.

8. Men, debatè yo ak jij yo kapab ekri sou tablo diskou deba yo (òdinogram) nan lang yo santi yo pi alèz la (kreyòl, franse…).

9. Lè gen tounwa deba, gen kèk match deba ki kapab fèt an franse osinon an kreyòl, selon sa òganizatè tounwa a deside alavans. Men debatè yo pa gen dwa itilize 2 lang sa yo an menm tan nan yon menm deba.

10. Nou mande debatè yo itilize mo ak fraz tout ayisyen konprann, ki vle di pou yo pa itilize jagon jèn konn abitye itilize antre yo sèlman.

11. Debatè yo pa gen dwa itilize gwo mo, joure debatè nan yon lòt ekip pandan yo ap debat an kreyòl. Yo dwe toujou trete tout debatè yon lòt ekip ak tolerans epi respè.

12. Non respè atik 1,3,4,5,10,11 nan règleman sa a, kapab balanse vòt jij yo nan yon sans ki defavorab pou debatè a ak ekip li ya.

Pwogram Inisyativ Jèn 
FOKAL 2015

Aucun commentaire:

Une année à la tête du PIJ

  cher.es ami.es, Depuis janvier 2022, je suis appelé par la direction de la FOKAL à assumer la charge de la coordination du Programme Initi...