lundi 13 juillet 2015

Tounwa Lamitye nan Jakmèl

Klèb Jakmèl la oganize samdi 4 ak dimanch 5 jiyè 2015 yon tounwa deba, premye vrè tounwa li depi 3 zan, pou boukle lane akademik la epi pou pou fè dènye preparasyon debatè l yo anvan patisipasyon yo nan tounwa nasyonal la kap fèt nan vil Jeremi, 15 ak 17 jiyè 2015.

13 jèn debatè avek 7 jij patisipe nan tounwa sa ki fèt Cayes-Jakmel, nan otèl Lamitye. Premye tou a fèt nan jou samdi 4 jiyè a, kote 6 match an franse rive reyalize an 3 faz, swa 2 match toujou dewoule anmenm tan, 3 jjj abitre chak match. Prensip premye tou a, se pou tout debatè san eksepsyon rive fè fas a fas nan konpetisyon an. Deba sa yo reyalize sou sijè tounwa nasyonal la, ki se : « Laj pou moun vote ta dwe ogmante a 21 an nan peyi Dayiti. »

4 ekip toke kòn yo

Dezyèm jou a, avan menm 2 ekip finalis ki soti nan premye tou yo rive toke kòn yo, tout jèn patisipan yo mete tèt yo ansanm pou debat sou yon sijè sipriz an kreyòl.  Enonse ki chwazi pou match sila pati konsa : « Ayisyen ki nan dyaspora yo ta dwe kapab vote nan eleksyon an Ayiti ».

Tou dabò, men kijan tablo reyalizasyon match yo nan premye tou a prezante konsa:
faz 1: ekip 1 kont ekip 2  / ekip 3 kont ekip 4
faz 2: ekip 1 kont ekip 3 / ekip 2 kont ekip 4
faz 3: ekip 1 kont ekip 4 / ekip 2 kont ekip 3

Apre chak match, pwen 3 jij ki tap abitre l yo note pou chak debatè vin adisyone ansanm. Apre premye tou sa a fini, pwen chak debatè resevwa nan chak match vin adisyonen ansanm tou, pou rive bay kantite pwen li fè o total pou premye tou a.

2 ekip ki ranpote premye tou a, se ekip 3 avek ekip 4 la, ki ta pral toke kòn yo nan final la nan dezyèm tou.

Yon dezyèm tou plen ak sipriz

Nan dezyèm jou a, li te parèt difisil pou rive reyalize yon match sou yon sijè sipriz an kreyòl la kote tout moun t'ap kapab debat daprè menm prensip ki te aplike lavèy. 2 debatè ak yon jij ki te patisipe nan premye tou a pat reponn prezan. Sa te blije 2 animatè klèb Jakmèl la yo, Bettina Perono avèk Reginal Raymond Fils, mete tèt ansanm avèk 5 lot jij pou yo reyalize yon reyinyon ijans, epi jwenn yon solisyon ki ka pemèt tou 11 jèn ki te prezan yo patisipe nan deba sou sijè sipriz la. 15 minit konsiltasyon sa yo te abouti sou yon solisyon ki prezante konsa :

1)      Non chak debatè ekri sou yon ti bout papye pou tiraj osò, tiraj sa pèmèt kreye 2 ekip, yo chak gen 5 moun ladan l.
2)      Yon 2e tiraj osò ki fèt ak yon pyès 5 goud, avek 2 reprezantan ekip yo, pèmet yo detèmine ki ekip 11e moun nan pral apiye.
3)      Yon 3e tiraj osò toujou ak pyès 5 gou la epi 2 lòt reprezantan ekip yo, deside kiyès ladan yo kap defann ki pozisyon.

Ekip yo te gen anviwon 1 èd tan pou prepare match sila a. Epi tou, avan konpetisyon agimantè yo koumanse, chak ekip kominike ki debatè li chwazi nan tèt kole, pou reprezante li nan arèn nan.

Toujou nan kad tèm ki chwazi nan nivo nasyonal la ki se : La démocratie à l'épreuve du vote, sijè sipriz la pati konsa : « Ayisyen ki nan dyaspora yo ta dwe kapab vote nan eleksyon an Ayiti. »

Daprè rezilta tiraj osò a, se ekip B ki tap defann pozisyon enonse a (A), otomatikman ekip C te sipoze defann pozisyon kontrè a (N). Men reprezantan ekip yo pou match sila :
Ekip B : (1A) Claudia Petit-Jean / (2A) Patrick K. Jerome / (3A) Moise Jean-Louis
Ekip C : (1N) Mardoché D. Cothias / (2N) Lovelie Jules / (3N) Ralph R. Joseph

Menm si se sèlman 3 moun ki reprezante chak ekip nan konfwontasyon lide yo, tout manm ekip yo patisipe nan preparasyon ak dewoulman deba sa, ke se swa nan elaborasyon agiman yo, ke se swa nan prepare faz kesyon-repons yo, ke se swa nan prepare refitasyon ak rekonstriksyon agiman yo.

Lespri dekip, veritab gayan tounwa a lamitye a

Finalman sa ki parèt o depa yon grenn beki altenativ vin tounen yon bèl eksperyans lespri dekip. Dapre obsèvasyon jij yo, patisipasyon jèn yo pou travay ekip la amelyore jefò ki fèt nan strikti ak ekspoze agiman yo nan yon fason ki otonan. Men nan faz kesyon-repons yo, tout tèt te fè youn pou prepare kesyon yo, anpil konfwontasyon lide te anime echanj yo lè reprezantan chak ekip te kòt a kòt devan jij yo.

Agiman chak ekip yo prezante konsa :

Ekip B : Ayisyen nan dyaspora yo ta dwe kapab vote nan eleksyon an Ayiti
Agiman 1 : Paske se yon mwayen ki ap pèmèt yo enplike plis nan devlopman peyi a
Ekip C : Ayisyen ki nan dyaspora yo pa ta dwe kapab vote nan eleksyon an Ayiti
Agiman 1: Paske yo pa konn ideyoloji politik ki andedan peyi a

Kòmantè jij yo se kle pou pwogrè debate yo

Panel 5 jij ki abitre match sou sijè sipriz la bay kèk konsèy a debatè yo pou ede yo repere pwen fèb ke yo bezwen ranfòse, epi idantifye kote fòs yo ye pou kapab konsève yo.

Jij yo felisite tou 2 ekip yo pou kalite pèfòmans yo te bay nan metodoloji pou prezante agiman yo, nouvo sipò ke yo chak pote, konparezon kontradiktwa ki fèt pou refite sipò ak agiman yo.

Jij yo obsève tou yon amelyorasyon nan travay twazyèm debatè nan tou 2 ekip yo, ki ta sanble eksplwate konsèy jij yo te bay lavèy nan premye jou tounwa. Yo pat kontante yo drese yon bilan fije. Fwa sa a, yo pran leswen mete an valè diferan pwen kle ki detèminan pou vitwa ekip pa yo, pwen kote yo mete feblès agimantasyon advèsè a deyò, epi bon jan prèv kore agiman yo, pou yo te ka rive reziste ak tantativ refitasyon ekip opoze a.

Reyisi faz kesyon-repons yo, yon boulva pou genyen deba

Ekip ki genyen match sila se ekip afimativ la, dapre tou lè 5 jij yo. Rezon ki plis parèt nan eksplikasyon sou chwa sa a ke yo chak fè pou kont yo, sè ke se ekip sa ki pi byen eksplwate pwen cho faz kesyon-repons yo, pou te non sèlman refite agiman ekip opze a, men tou pou ranfòse agiman pa yo. 

Meyè debatè a se Claudia Petit Jean ki, dapre adisyon nòt 5 jij yo, rekòlte 140 pwen.

Apre deba sou sijè sipriz la, match final la fèt toujou sou menm sijè tounwa nasyonal: « L'âge de voter devrait être augmenté à 21 ans en Haïti. »

2 ekip finalis yo se ekip 3 ak ekip 4 la. Men non debatè yo :
Ekip 3: (1A) Ralph R. Joseph / (2A) Dieuferly Lejustal / (3A) Querline Bernadeau
Ekip 4 : (1N) Patrick K. Jerome / (2N) Sophanie M Jules / (3N) Moise Jean-Louis

Se ekip 4 la ki ranpòte match final la, li tap defann pozisyon kip a dakò ak enonse sijè tounwa a.

Ekip 4 la genyen match sila avèk 3 vwa kont 2, nan vòt jij yo. Meyè debatè match final la se Ralph R Joseph, avec 136 pwen, dapre adisyon nòt chak jij atribiye l separeman. Ralph te fè pati ekip 3, ki tap defann pozisyon afimativ la, sa vle di ki t'ap kore enonse a. 

Anpil kado tonbe sou loreya tounwa a

Chak loreya nan tounwa lokal klèb FOKAL Jakmel la te resevwa yon rekonpans. Meyè debatè tounwa a, Ralph R. Joseph, resevwa kòm kado yon woman ayisyen, Maudite Education  de Gary Victor. 3 lot debatè ekip ki genyen tounwa a te resevwa yo menm 2 yon ekzanple Zoune chez sa ninnaine, de ekriven ayisyen Justin Lherison, avèk yon ekzanplè de Stella, yon woman de Emeri Bergeaud. Meyè debatè premye tou a avèk sijè sipriz la tou, Claudia Petit Jean, resevwa yon ekzanplè La vengeance de la terre », de Jean Baptiste Cineas.

Tout 11 jèn ki te patisipe nan deba yo nan dezyèm jou tounwa a resevwa yo chak yo ekzanplè orijinal albòm mizik premye pwomosyon lekòl Audio Institute fenk soti nan mwa jen 2015 la. Se kado pwomosyon sòtan 2013-2015 lekòl atis pwofesyonèl sidès la, e ki pote non Les Pionniers, fè klèb FOKAL Jakmèl kado pou ankouraje yo nan pratik deba. 

Jeremi, nou pare!

Se konsa ekip Jakmel la boukle lane 2014-2015 deba FOKAL la. 2 jounen deba, nan yon tounwa : 8 match dapre foma Karl Popper a, 6 an franse nan premye tou, yon sjje sipriz an kreyol, epi yon match final an franse.


Pandan yap kite otel Lamitye a nan apremidi jou 5 jiye 2015 la, jèn jakmelyen yo pataje ansanm sa yo ta renmen ki amelyore pou lane pwochenn. Pou yo menm se yon avan denye ekzesis lespri dekip pou ane sa, yon enyèm leson lamitye.

Commentaires des débatteurs sur le tournoi

Je suis Querline Bernadeau. Je m’attendais à ce que le niveau ne soit pas au rendez-vous [au tournoi local de Jacmel]. Mais j’ai pu remarquer que tous les jeunes étaient motivés à travailler. Leurs efforts ont donné du fil à retordre quant aux choix de ceux qui nous représenteront au tournoi national. Chacun de nous, selon moi, pouvait nous représenter valablement le club de Jacmel. Je suis contente des efforts accomplis par le club, parce que nos avons pu surmonter beaucoup d’épreuves en peu de temps.

Kimmy Kensley Cajuste.  Je suis content d’avoir pu participer à ce tournoi. Cela m’a permis de combler mes lacunes à bien réfuter, à bien reconstruire [mes arguments].

Dieuferli Lejustal. Je suis heureux de participer à ce club de débat. J’ai beaucoup appris au cours de ce tournoi. Je me suis rendu compte que j’ai les capacités pour être un bon débatteur. Je vais travailler pour que le devenir.

Moise Jean Louis. Ma performance dans ce tournoi était plutôt bonne. Mais j’ai encore quelques améliorations à faire. Comme orateur, j’ai beaucoup d’idées, mais j’ai des difficultés à les exprimer.

Patrick Christian Jérôme. J’aime beaucoup débattre. Je crois que c’est pour nous une opportunité d’analyser les vrais problèmes de la société. Aujourd’hui le club de FOKAL à Jacmel commence à reprendre vie, à se relever de sa pente descendante.

Claudia Petit Jean. L’année prochaine, il faudrait offrir plus de loisirs aux jeunes, cela  les impliqueraient davantage dans le club. On pourrait, par exemple, organiser une activité tous les deux mois. Cela motiverait davantage les jeunes à fréquenter le club où ils pourront mieux disposes à apprendre, car ils pourront aussi s’amuser.

Bettina PERONO et Réginald RAYMOND-FILS

Animatè kèb deba Jakmèl
13 Jiyè 2015

Aucun commentaire:

Une année à la tête du PIJ

  cher.es ami.es, Depuis janvier 2022, je suis appelé par la direction de la FOKAL à assumer la charge de la coordination du Programme Initi...