mercredi 5 juin 2013

Tounwa deba nan FOKAL (premye edisyon)

Fokal ap òganize yon kokenn chenn tounwa rejyonal deba nan lokal li, samdi 15 jen, a pati de 9h nan maten. Tounwa sa a se yon aktivite pwogram nasyonal deba ke FOKAL devlope nan plizyè vil ak kominote nan peyi Dayiti, depi 16 lane. Fondasyon an kreye yon rezo ki gen 14 klèb deba: Okap (Nò), Gwo Mòn (Latibonit), Fon Parizyen, Dabòn (Lwès), Jakmèl (Sidès), Okay, Kan Peren (Sid), Jeremi (Grandans), ak 6 katye nan Pòtoprens.

Tounwa rejyonal deba sa a pral opoze 8 ekip ki sòti nan 8 klèb deba nan depatman lwès: Dabòn, Monrepo, Kot Plaj, Matisan, BMC, Kris Wa, Santo, Fon parizyen. Sa kifè 24 debatè kap patisipe nan konpetisyon deba sa a. Tounwa ap fèt nan objektif pou bay jèn nan klèb sa yo plis eksperyans, plis jarèt nan zafè deba epi tou aprann yo devlope lespri konpetisyon, ki enpòtan pou yo konnen ke pèdi yon match se yon eksperyans pou aprann debat pi byen.

Nou ka konsidere tounwa rejyonal sa a tankou yon repetisyon pou tounwa nasyonal deba ke FOKAL ap òganize nan vil Jakmel, nan fen mwa Jiyè lane sa a. Tout klèb ki nan rezo nasyonal FOKAL la ap patisipe, plis yon ekip kap sòti nan peyi dominiken. Konpetisyon rejyonal la ap pèmèt klèb nan zòn lwès la idantifye pi bon debatè ki pral konpoze ekip ki pral patisipe nan tounwa nasyonal la.

Tounwa rejyonal deba 15 Jen an ap opoze 8 klèb deba, chak klèb yo ap vini ak yon ekip ki genyen 3 debatè. 8 ekip yo ap divize an 2 gwoup de 4. Chak ekip genyen pou li debat kont 3 lòt ekip nan gwoup li, kidonk chak ekip ap jwe 3 match deba nan premye tou, ki se tou eliminatwa. 2 meyè ekip nan chak gwoup nan premye tou a ap kalifye pou demifinal. 2 ekip ki genyen demifinal yo pral fè final.

Deba yo ap fè nan yon fòma entènasyonal ki rele fòma Karl Popper, yon stil deba ke yo itilize nan plizyè peyi sou late, nan nivo lekòl segondè, e ki popilè anpil: 2 ekip fas a fas ap defann yon pozisyon diferan sou yon sijè. Chak deba yo ap dire 1 è de tan, epi yo ap fèt nan lang franse. Plizyè jij pral abitre deba yo. Ap gen 3 jij kap abitre 2 demifinal yo, 5 jij pou final la. Tounwa ap fèt nan yon sèl jou.

Tèm deba se Limit libète nan zafè entènèt [Les libertés numériques et ses limites]. Ekip yo pral debat 2 sijè sou tèm sa a. Yon premye sijè ke ekip yo konnen alavans depi plis pase yon mwa ki di « Leta ta dwe kapab siveye itilizasyon ke moun yo sispèk nan aktivite kriminel ap fè sou entènèt » [Les Etats devraient être en mesure de surveiller l’utilisation d’Internet par les personnes soupçonnées d’activités criminelles]. Men, jou tounwa a,  ekip yo pral dekouvri dezyèm sijè a, ki se yon sijè-sipriz sou menm tèm nan.

Klèb ki chanpyon premye edisyon tounwa rejyonal deba sa a ap genyen yon twofe, epi chak debatè ekip chanpyon an ap genyen lòt prim tou. Meyè debatè tounwa a, ki vle di debatè ki rekòlte plis pwen pou pèfòmans li bay nan tout match li jwe ak ekip li, ap gen yon prim espesyal.

Moun pa fè deba pou genyen. Deba se yon afrontman lide yon moun oubyen yon ekip kont yon lòt, sou yon sijè ki eksprime yon opinyon ki opoze yo. Objektif yon deba se avan tou aprann moun bagay yo pa konnen sou sijè a, epi konvenk jij deba a ke se ou menm ki gen rezon. Agiman yo se sèl zam debatè a genyen pou li defann pozisyon l sou yon sijè ou byen pou jistifye sal panse.

FOKAL envite tout moun pou yo vini asiste deba yo, samdi 15 jen nan lokal li, avni Kristòf. Nou pral dekouvri talan jèn sa yo ki pral debat nan tounwa sa a. 8 Klèb yo ap prepare yo depi yon mwa deja. Debatè yo ap fè rechèch sou entènèt ak nan liv, yo ap fè diskisyon andedan klèb yo, ekip yo ap prepare agiman. Gwo koze pral pale, bon jan agiman pral tonbe tribò babò, gwo kesyon pral poze, gwo pawòl pral diskite, kidonk…bwa pral mare !

Nan tolerans ak respè youn pou lòt!

Jean-Gérard Anis
Kowòdonatè nasyonal Pwogram Inisyativ Jèn

FOKAL

Aucun commentaire:

Une année à la tête du PIJ

  cher.es ami.es, Depuis janvier 2022, je suis appelé par la direction de la FOKAL à assumer la charge de la coordination du Programme Initi...