mercredi 28 octobre 2015

Jèn nan klèb deba Dabòn yo koze sou kesyon bilenguis nan peyi Dayiti

Nan okazyon jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl (28 oktòb), manb klèb deba FOKAL yo nan Dabòn, andedan Leogàn, te patisipe nan yon konferans deba nan lokal bibliyotèk Rasin Lespwa,  jou vandredi ki te 23 oktòb 2015 la. 3 etidyan nan Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) nan Inivèsite Leta Dayiti, Nerline Toussaint, Marc-Enroe Pierre, Samuel Attis, ki se an menm tan  manb ak ansyen debatè klèb deba Dabòn  nan, te anime konferans  sa ki te dewoule  sou 3 pwen enpòtan : tankou lang, bilenguis, ak kalite pwoblem lang sa a ki egziste, anvan yo te brase lide sou kesyon sa : « Eske Ayiti se yon peyi ki vrèman bileng ?
Lang kreyòl ? Kisa nou dwe konnen…

Kisa yon lang ye ? Ki diferan wòl yon lang genyen ? Ki orijin lang kreyòl ayisyen ? Se samuel  Attis ki te fè yon ti pale sou pwen sa yo, yon fason  pou fè jèn yo konprann sa yo rele lang nan. Avek anpil ladrès, Samuel te defini lang kòm yon zouti kominikasyon epi se yon sistèm siy vokal ki se eritaj yon kominote. Etidyan FLA a te mete aksan sou 3 wòl espesifik yon lang:

a)  li fasilite entegrasyon sosyal,
b) li simante tout manb yon kominote,
c)  li diferansye moun ak zannimo.

Avèk anpil detay ak referans, Samuel te fè tout jèn yo konprann konsèp lang nan epi wòl li nan kominikasyon. Daprè eksplikasyon li,  mo « Kreyòl » sòti nan mo pòtigè «  crioulo »  ki vle di « kreye ». Epi mo sa a evolye pou l anbrase tout sa ki fèt nan koloni a. Se konsa te vin gen esklav bosal ak esklav kreyòl… Ansyen debatè a te pwofite fè jèn yo koprann tou orijin istorik lang kreyòl ayisyen ki sanble anpil ak estrikti plizyè lang afriken, sitou lang Fon ak Ewe…
Pou l fini, Samuel Attis te fè konnen gen plizyè lang kreyòl ki egziste nan lemond, ki fèt a pati de lang anglè, fransè, olanndè, elatriye. Pa ekzanp, kreyòl yo pale nan peyi Dayiti ki gen baz leksikal fransè,  diferan de kreyòl yo pale nan zile Kiraso ki gen baz leksikal olandè, ak plizyè lòt ankò. Daprè estatistik yo, gen plis pase 13 milyon  moun ki ap pale kreyòl sou tout latè. Peyi ki gen plis moun ki pale kreyòl la se Ayiti.

Pale 2 lang an Ayiti bay pwoblem youn sou lòt

Nerline Toussaint, bò kote pal, te pran swen pou te defini konsep « bilenguis » la. Daprè espesyalis yo mo bilenguis vle di yon abilite yon moun genyen pou l pale 2 lang san pwoblem. Li te kontinye pou l fè konnen yon moun bileng oubyen yon peyi bileng se lè moun nan osinon popilasyon an kapab pale, li, ekri, konprann 2 lang. Moun sa yo dwe kapab esprime rèv yo, emosyon yo, panse yo nan 2 lang san yonn pa oblije monte sou lòt. Nan ka yon popilasyon ki pa maton nan 2 lang yo nan menm nivo, nou paka di peyi sa bileng. Ansyen debatè a fè konnen pale 2 lang se yon fenomèn sosyal. Espesyalis yo dakò pale 2 lang ofisyèl nou yo (franse ak kreyòl) se yon pwoblèm an Ayiti.

Nerline ki te akonpaye ekip bibliyotèk la nan karavàn animatè yo te fè pandan 2 semèn nan lekòl yo, te fè santi fristrasyon l genyen pou l wè direktè lekòl kap fòse timoun yo pale fransè, kap ba yo pinisyon lè yo pale kreyòl, paske daprè direktè a kreyòl la pap mennen yo okenn kote. Nerline te fè konnen sa fè Ayiti rantre pi fon nan lekòl tèt anba a, pou l repete  pwofesè Yves DEJAN, nan  yon liv li ekri ki rele Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba.

Se konsa Nerline te tou pwofite pale ak jèn yo sou pwoblèm elèv kap double, elèv ki echwe nan egzamen  ofisyèl yo, timoun ki ap kite lekòl,  se konsekans sistem edikatif peyi Dayiti a ki sèvi ak lang fransè kòm lang ansèyman. Alòske se sel Ayiti ki pa sèvi ak lang matènèl timoun yo pou bay yo edikasyon. Li te denonse tou lekòl jako repèt la ki chita sou repete yon pakèt bagay san yo pa konprann anyen; ki pa pèmèt yo aprann tout sa yo dwe konnen. Pou li fini Nerline te fè jèn yo konnen lè yon timoun aprann nan lang matènel li sa pèmèt sèvo l devlope plis.

Ant bilenguis ak diglosi, bwa mare pou Ayisyen

Marc-Enroe Pierre, li menm te fè yon brase lide sou divès kalite bilenguis ki egziste pandan li te pwofite fè diferans ant konsèp diglosi ak bilenguis. Misye fè konnen swivan rechèch yo, lenguis yo di gen bilenguis prekòs, bilenguis similtane, bilenguis konsekitif, bilenguis aditif, bilenguis negatif oubyen soustraktif. Bilenguis la gen rapò ak kontak ki genyen ant lang yo alòske diglosi a chita li menm sou konfli ki genyen nan mitan lang yo. Etidyan FLA a fè konnen diglosi a, pou kek lenguis, se varyete nan yon menm lang kote yo konsidere youn siperyè ak lòt oubyen nan 2 lang nan yon menm kominote.
Anvan yo te bay asistans la poze kesyon, Marc-Enroe te pale sou pwoblèm bilenguis la bay nan peyi Dayiti. Li te mete aksan sou koze entèferans la, move itilizasyon moun ki lekòl  ap fè ak lang kreyòl, ki panse pou montre yo fò yap melanje mo lang fransè ak mo kreyòl.  Kòm konsekans, moun sa yo vin pa pale yon lang ditou paske pale yon lang mande respekte estrikti fraz, fonetik, pwononsyasyon, siyifikasyon ak leksik lang nan. Li te pwofite mande jèn yo pou fè yon gwo efò pou pale byen yon lang olye yo fè melanj mo nan plizyè lang.

Bagay jèn yo te vle konnen…

Jèn yo ki  tap swiv avèk anpil atansyon ak enterè espoze mesyedam yo, te poze anpil kesyon tankou: Pouki sa Leta ayisyen te fè chwa lang fransè pou fè edikasyon pèp la olye lang kreyòl la? Ki wòl yon lenguis? Eske li nòmal pou ekri non yon ayisyen nan lang kreyòl? Ki pwopozisyon  panelis yo genyen pou fè kreyòl la gen plis valè? Eske se pa paske kreyòl la pa komèsyalize ki fè kreyòl la pa gen valè? 3 etidyan yo, avèk anpil detay, te reponn kesyon jèn yo.
Pou premye kesyon an, etidyan FLA yo te fè yon apwòch istorik sou kesyon ledikasyon an Ayiti. Yo te fè konnen dirijan yo te plis panche bò kote fransè yo,bò kote ansyen kolon ki kwè pi bon fason pou w domine yon pèp se lè w sèvi ak edikasyon kòm zouti. Zafè fransè nan lekòl nan peyi Dayiti a se pa yon chwa leta te fè, men se misyonè ki sòti nan kontinan Ewòp yo, aprè konkòda ant leta Ayisyen ak Vatikan nan lane 1860, ki te konfye edikasyon pèp la bay pè ak mè katolik yo. Konsa yo te bay pèp la edikasyon jan yo wè l bon pou sistèm esplwatasyon an te kontinye. 

Nerline Toussaint ki tap reponn kesyon jèn yo sou wòl lenguis yo te mete aksan sou travay lenguis yo ki chita sou obsèvasyon ak deskripsyon yon lang. Li te pwofite fè diferans pou jèn yo ant yon lenguis ak yon poliglòt ki se yon moun ki kapab pale plizyè lang. Epi pale yon lang pa vle di gen anpil konesans.
Sou kesyon ekri non moun nan lang kreyòl, konferansye yo te esplike gen 2 kouran sou koze sa a: youn di yo pa gen dwa chanje non moun lè yap ekri yo nan lang kreyòl, paske non moun nan se idantite l; lòt kouran di si w ap ekri non yon moun, ou dwe itilize sistèm siy ki nan òtograf lang nan. Konsa gen moun ki dakò pou yo kenbe òtograf fransè pou ekri non moun, gen lòt ki panse sa depaman ak sistèm siy ak son ki gen nan lang  kreyòl la.

Sou kesyon lang kreyòl gen plis valè, yo te fè konnen pa gen lang ki gen plis valè pase yon lòt paske lang se zouti pou moun kominike youn ak lòt. Sa vle di nou sèvi ak li pou nou fe pase mesaj. Se sousi pou youn konprann lòt la ki enpotan sitou lè 2 moun yo pale menm lang. Se te fason sa mesye dam yo te reponn kesyon piblik la ki te gen plis pase 50 jèn.

Pwoblèm pap fini…

Se te yon bèl moman aprantisaj swivan sa jèn yo te di. Yo te fè anpil echanj ak panelis yo epi felisite yo pou pakèt enfòmasyon yo te pataje avek yo nan konferans la. Yo pwomèt yo pral fè anpil efò pou aprann plis bagay sou kesyon bilenguis la paske, daprè yo menm, nou pa ka di peyi Dayiti se yon peyi bileng menm si ofisyelman peyi a gen 2 lang.
Nap raple aktivite sa te fèt nan okazyon 4e edisyon festikreyòl, bibliyotèk Rasin lespwa ap òganize soti 13 oktòb pou fini 8 novanm. Anpil lòt bel aktivite prevwa tankou, Teyat lari, bal kontredans, espektak ak kont nan lakou.

Maxandre BIEN-AIMÉ

Animatè klèb Dabòn nan Leogàn

Aucun commentaire: