mardi 26 novembre 2019

« Nan deba, yon ekip pa janm pèdi. Se swa li genyen swa li aprann… »


Mwen se Clyvensgton Julien. Mwen se Yon jèn elèv filo nan lise Antenò Fimen. Mwen abite nan zòn metwopolitèn nan espesyalman Nazon. Mwen genyen 19 lane, e mwen se yon jèn debatè klèb deba Boudon. Mwen rantre nan klèb deba a lè mwen tap fè segonn,  e depi lè sa, konpòteman mwen t kaziman chanje. Nan fason m pale, fason mwen rezone, e fason mwen diskite ak lòt zanmi m.

Anvan mwen te antre nan klèb deba Boudon, mwen te konn aksepte ak tout sa moun te konn afime. Men depi lè mwen rantre nan klèb la, se te yon lòt bagay. Mwen t fè pati 6 moun ki arive reyisi tes pou t rantre nan klèb deba Boudon an, e mwen te sizyèm moun nan. Leu m te premye paret nan klèb la, se te yon bagay enpekab pou fason yo te akeyi nou, epitou jan ke yo montre nou ke nou kapab mete nou alèz pami yo. Mwen te komanse swiv fòmasyon yo ak anpil  devouman. Premye bagay ke mwen aprann nan klèb la, se ke pa gen diferans ant elèv lise ak elèv kolèj. Yo te melanje nou, di nou ke tout moun gen menm dwa kelkeswa kouch ou nan sosyete a, e mwen aprann pa gen konpleks  tou. Mwen te devlope relasyon amikal tou, eseye fè konesans ak lòt manb yo.

Après fòmasyon yo, yo te fè yon tounwa pou evalye nivo nou chak nan klèb la pou wè eske fòmasyon an byen pase. Malerezman pou mwen, mwen pat meyè debatè,  e mwen te satisfè tou pa rapò ak kapasite ke mwen genyen poum débat. Men mwen te gade kote mwen te ke rive. Mwen pat pran okenn tit nan premye tounwa jiskake mwen te kontinye jwe lòt match e lòt tounwa tou. Men m poko pran yon tit. Pou byen di nou, rèv mwen pa poum te meyè debatè, men se poum yon bon animatè menm jan ak Misye Alfred. Se sak fè map travay di anpil nan ògazasyon aktivite deba yo sitou.

Mwen aprann ke yon ekip, se yon rasanbleman plizyè moun e ki ap defann menm koz. Kèlkeswa defo youn nan nou genyen ou byen enkapasite a tou, nou te toujou demele nou kou met Jan Jak pou nou bay le meyè de nou menm. Klèb la aprann mwen amelyore relasyon m ak moun, e kwape timidite lakay mwen tou. Li aprann mwen ke lè mwen kanpe devan yon piblik, poum kapte atansyon piblik la avek sa map di yo. Klèb deba Boudon edem sitou nan sa ki gen rapò ak dokimantasyon, e li te elaji konesans mwen sou anpil tematik  ki te paret klé pou mwen. Epi tou li pémèt mwen pa pale san sous ak sipò avan m konfime yon bagay yon mwen kapab gen yon lot bagay poum sipòtel.

Tout sa mwen sot di yo pa tap posib san yon lidè, yon responsab ki gen kapasite pou l fè travay la. E Gwo lidè sa a se Misye Alfred Désir. Li se animatè prensipal klèb la, akonpanye de kòlèg li, bra dwat li, Joël Lazard.  San yo menm, mwen kapab di tout fòmasyon, tout dokimantè tap enposib, e li se yon bon responsab. Kit nou pèdi, kit nou genyen, li ba nou kouran pou nou vanse. Yo aprann nou pa dekouraje kelskeswa sa ki ta prezante devan nou, e yo se yon papa pou plizyè ti moun nan klèb la, nan sans bay konsey, asistans. Lè youn gen yon pwoblèm, yo toujou prezan kèlkeswa lè a tou.

Pasaj mwen se yon bagay ekstraòdinè nan klèb deba Boudon. Mwen aprann anpil anpil. Mwen trouve ke ta dwe gen yon aktivite konsa nan chak vil peyi Dayiti pou ede jèn yo plis entèlektyelman, moralman. Kòm nou gen abitid di l nan klèb la « Yon ekip pa janm pèdi. Se swa li genyen swa li aprann yon bagay de nouvo ».

E yon lòt bagay ankò Misye Alfred « Pa leve vwa w, men leve mo w, paske se pa tonè ki fè plant leve, men se la rouze ». Mèsi.

Clyvensgton Julien
Lise Antenor Firmin

Campagne : « Le débat a changé ma vie »

Aucun commentaire:

Une année à la tête du PIJ

  cher.es ami.es, Depuis janvier 2022, je suis appelé par la direction de la FOKAL à assumer la charge de la coordination du Programme Initi...