mardi 26 novembre 2019

Deba se tout yon vi


Mwen rele Daphkar Mondésir, mwen se elèv Nouvo Segondè 3 (NS3) nan Lise Marie Jeanne, epi manb  klèb deba Boudon.

Deba, nan lavi pa m, se tout yon bagay ekstraòdinè, yon eksperyans enkwayab. Mo yo manke m pou m eksplike kisa deba ye nan lavi m, enpòtans li ak enpak li nan lavi m, pou telman deba pote bon fwi nan vi m, nan moun ke mwen ye (e sètènman nan moun map ye nan kèk lane ankò, paske se sur ke map toujou rete debatèz menm aprè 20, 40 lane, elatriye…).

Mwen te nan NS1 nan lane 2017 lè mwen ta pral fè rankont ak deba ki jounen jodia se yon bagay mw makonnen ak li. Se te byen yon aprè midi, mwen te chita nan sal mwen lè zanmi mwen, Vanessa te vin mande m si mwen prale nan konkou an (paske dabitid li konnen mwen se yon moun ki toujou prè nan patisipe nan konkou).

Se te avèk yon gran etonman mwen ta pral reponn li pou m mande l ki konkou. Se lè sa li tap eksplike ke Mesye Pedro ki se yon manb nan direksyon lekòl lan te pase nan klas NS1 ak NS2 pou l te fè rekritman timoun ki te vle patisipe nan konkou deba e pou yo te bay non yo. Kwake li pat pase nan sal mwen, men sa pat anpeche m kouri kote l pou m te bay non pa m, san ke m pat vrèman gen okenn enfòmasyon de sa yo di m ki rele deba a. Men mwen te fè sa jis nan objektif paske mw renmen patisipe nan konkou, e souvan, lè mwen patisipe nan konkou konsa se toujou avèk yon sèl lespri ki se lespri pou m genyen.

Ebyen, se la tout yon premye bagay deba te aprann mwen, se pa tout sa wap fè nan vi an pou w genyen ladann, men sa pou w toujou chache genyen nouvo konesans ladann. Wi nan deba, se pa jwe pou genyen, men se jwe pou w aprann... Sa pa vle di pou w pa genyn lè wap jwe, men ak kisa sa ap sèvi si w genyen yon match deba san w pa aprann anyen, san pa w pa gen yon konesans anplis. kidonk nan nan nenpòt diskisyon map genyen ak moun mwen toujou fè an sòt ke se pa diskite pou diskite, men fòk lide nou yo byen fonde yon fason pou m aprann yon bagay diplis, pou m pa pèdi tan nan pale san di anyen. Se bon pou w genyen, men se pi bon toujou pou w aprann… Menm nan lavi chak jou, mwen toujou fè an sòt ke ak chak nouvèl inisyativ, map pran pou m pa pran l ak objektif sèlman pou m atenn objektif mwen men pou m aprann yon bagay  anplis .

Anvan mwen te fè pati de klèb deba Boudon

Ebyen mwen te yon moun si gen yon aktivite la yo di m nan kèk tan m ap gen pou m pase devan pou m fè yon bagay. Ebyen  li te fò pwobab  anvan tan sa rive Daphkar gentan pa fè pati de aktivite sa ankò li te gentan disparèt sou yon pretèks kelkonk .....la ankò se youn nan gwo bagay deba fè pou mwen : mwen aprann pran pawòl nan piblik, chase timidite m, chase enpe sou estim mwen te genyen de tèt mwen. Ebyen sa klè si m ta pran eksplike nou jan sa te parèt difisil pou mwen jou mwen ta pral jwe premye match deba m ki te nan yon tounwa entèn. Kidonk nou ka konprann kòman nivo timidite m nan avèk sou estim mwen an te egzajere, paske se te yon tounwa andedan klèb la, kote ke mwen te konnen tout timoun ki pral jwe avèk  mwen yo.

Malgre se menm nou menm nan kleb la, sa pa t anpeche lè jou a rive pou m tap fè tout lide kote ke pami yo lide pou m te abandone pou m pat ale nan maten an te youn  paske mwen pat wè mwen ki ta pral kanpe devan piblik vre. Men afòs ke mwen pat vle ekskli de klèb la, mwen te oblije ale men sensèman se pa t mwen, premye match mwen se te yon katastwòf telman mwen te strese, mwen te pè, elatriye…  Men aprè tout lòt yo te super, mwen te vin arive pran konfyans nan tèt mwen, relakse m plis paske mwen te kòmanse ap retrouve m nan debat. kidonk kounye a nan lavi m chak jou, a chak fwa pou m pale nan piblik, se kòmsi se nan mond deba mwen ye. Mwen aprann domine timidite m, aprann enpozem, elatriye…  Avèk deba a, mwen aprann konnen mwen dwe toujou enpozem,t oujou venk timidite m paske sinon se li ki ap venk mwen. Se pa nan zafè deba sèlman men se nan tout sa map gen pou m fè nan vi m .

Sètènman, deba fè anpil bagay nan lavi m ke m pap gen ase tan pou m enimere yo. Men m ap fini pou m di ke deba pèmet mwen gen yon lespri pi eveye, yon kapasite anplis pou m agimante. Li ede m anpil nan etid klasik mwen paske m ap raple m nan menm ane sa, nan yon trimès, mwen te fè yon nòt pou yon pwofesè literati li te etone e di m kòman mwen fè fè l paske se difisil pou elèv fè tout pwen sa yo pou li, kwake mwen pa t menm fè 180/200 pou li (rires)... Kidonk, se pou m montre nou, se lè sa mwen te reyalize enpòtans deba nan lavi m e nan etid mwen .

Avèk deba, mwen aprann genyen plis estim pou tèt mwen , kwè nan tèt mwen plis, aprann travay plis e amelyore langaj mwen plis chak jou.

Deba fè m fè anpil gwo eksplwa nan lavi m, san m pa p bliye gwo fanmi sa li ban mwen, tout moun ki fè pati de program deba FOKAL ka zanmim. Wi, deba ede m dekouvri yon pakèt jèn ak talan.

Wi, deba se tout yon vi.

Daphkar Mondésir


Campagne : « Le débat a changé ma vie »

Aucun commentaire:

Une année à la tête du PIJ

  cher.es ami.es, Depuis janvier 2022, je suis appelé par la direction de la FOKAL à assumer la charge de la coordination du Programme Initi...